Santans Federal
Pou yo pwononse santans nan tribinal federal, jij la detèmine dènye santans posib yon moun resevwa apre l fin konsidere plizyè faktè, pami lèkèl istwa pèsonèl moun nan, pou ki kalite krim ak konpòtman yo kondane l. Jij la ap konsidere tou Federal Sentencing Guidelines manual la (Manyèl Direktiv pou Santans Federal) (ki founi l tout yon gam santans direktiv la prevwa e ke yo sijere nan chak ka).
Dabitid santans pwononse swasanndi jou apre yo fin jwenn yo moun koupab, ke li te deklare l koupab atravè antant oswa yo te jwenn li koupab nan jijman. Si jij la enpoze yon santans ki pi long pase 12 mwa, moun nan kalifye pou l benefisye de kredi pou bòn konduit ki ka rive jiska 15 pousan de total li a, depi moun nan pa janm gen pwoblèm disiplin.
The United States Sentencing Commission (Komisyon Etazini pou Santans) pwomilge Sentencing Guidelines manual ke dabitid yo amande chak ane. Ou ka jwenn Vèsyon Aktyèl Manyèl Direktiv la la a.
Tipikman, santans lan pwononse apeprè swasantdi jou apre w plede koupab pa antant oswa apre yon vèdik kilpabilite. Anvan l pwononse santans lan, jij la dwe kalkile ki gam nan direktiv yo ki aplikab. Direktiv pou Santans yo (Sentencing Guidelines) se yon seri de regleman ke yo aplike lè y ap kalkile santans federal. Direktiv sa yo la pou konsiltasyon, ki vle di ke li nesesè ke yon jij konsidere tablo ak degre a anvan l enpoze yon santans, men yo pa ekzije l enpoze yon santans nan limit tablo a endike a.
Direktiv yo etale nan yon chema, ki gen de pati: (1) nivo krim nan epi (2) jan de dosye kriminèl moun nan deja genyen. Nivo krim nan depann de gravite l. Pa ekzanp, asasina anwo nèt nan tablo a, nan nivo 43. Vòl yon ti sòm lajan prèske anba nèt, nan nivo 6. Nivo krim nan ka monte oswa desann selon lòt faktè nan ka a. Pa ekzanp, nivo krim nan dabitid desann si moun nan “rekonèt tò l”, ke lepli souvan moun nan demontre lè l plede koupab.
Yo kalkile kategori dosye kriminèl ou ak “pwen” yo ba w pou chak ansyen kondanasyon. Tank ansyen kondanasyon te grav tank yo ba w pwen. Mwens ansyen kondanasyon an te grav mwens yo ba w pwen., e pafwa yo pa ba w pwen ditou. Yo pa konte ansyen kondanasyon si ou te resevwa yo depi plis pase 15 zan pou ka trè grav, oswa dizan pou ka mwen grav.
Infwa ke jij la detèmine nivo krim nan ak kategori ansyen dosye kriminèl moun nan, jij la pral gade nan tablo a pou l jwenn ki degre nan direktiv la ki aplikab. Yo bay degre a an mwa. Pa ekzanp, yon degre de 24 a 30 mwa nan direktiv la vle di ke jij la gen pou l anvizaje omwen yon santans ant 24 e 30 mwa prizon. Jij la gen dwa bay yon santans ki pi wo oswa pi ba ke degre a, san l pa depase santans maksimòm lalwa pèmèt la. Nan sèten ka gen yon santans minimal obligatwa ke Kongrè fikse. Yon jij pa gen dwa desann pi ba pase santans minimal la sof nan sètèn sikonstans. Kwak yon jij ka enpoze yon santans pi wo pase sa yo sijere nan tablo degre a, yon jij pa janm ka enpoze yon santans pi wo pase maksimòm pinisyon lalwa prevwa.
Pa ekzanp, santans maksimòm lalwa prevwa pou sèten ka vòl yon ti sòm lajan se senk an prizon. Jij la ka detèmine ke degree nan direktiv la ale de 0 a 6 mwa.. Nan parèy ka, jij la gen pouvwa pou l enpoze yon santans pi wo pase 6 mwa tablo a endike a, men li pa kapab enpoze yon santans pi wo pase 5 an prizon.
Anvan santans lan, yon Ajan pwobasyon ap prepare yon Rapò Envestigasyon anvan Santans lan ke yo rele tou Rapò Envestigasyon Pre-Santans. Ajan pwobasyon an fè yon entèvyou pou l ka prepare rapò a. Avoka a ap prezan pandan entèvyou a. Entèvyou a ap fèt swa nan prizon an, pou kliyan ki fèmen, swa nan biwo pwobasyon an pou kliyan yo lage sou kosyon. Dabitid entèvyou sa a fèt nan yon peryòd ki pa depase yon mwa apre kliyan an plede koupab pa antant (plea) owsa yo deklare l koupab nan jijman.
Li trèz enpòtan ke w reponn onètman a tout kesyon yo pandan entèvyou anvan santans lan. Y ap pèmèt ou reponn sètèn kesyon alekri. Ou gen dwa refize reponn tèl ou tèl kesyon. Yo pèmèt ou konsilte avoka defans ou, pale avèk li an prive pandan entèvyou a. Sepandan, piske bay yon ajan pwobasyon manti se yon lòt krim, ou dwe bay verite nan tout repons w ap bay pandan entèvyou a.
Men sijè yo kouvri nan Rapò Envestigasyon Pre-Santans lan: antesedan familyal, nivodetid, travay, sante fizik, sante mantal, dosye kriminèl, epi finans. Dabitid Ajan pwobasyon an ap mande w siyen yon fòm kote w ap ba li otorizasyon reklame diferan kalite dosye, pami lèkèl dosye travay, dosye lekòl, dosye doktè ak dosye taks. Anplidsa, nan ka kliyan yo lage sou kosyon, y ap mande w irin pou tès dwòg lè y ap fè entèvyou anvan santans lan. Nòmalman, ajan pwobasyon an ap vle pale avèk youn manm nan fanmi an pou l verifye enfòmasyon ou ba li nan entèvyou a. Anplidsa, ajan pwobasyon an ka fè yon “vizit domisil” pou l we kote yo kliyan pral viv lè li fin pije pèn li.
Apati dimoman ajan pwobasyon an fin kolekte tout enfòmasyon nesesè yo, ajan an pral prepare yon rapò preliminè. Li enpòtan ke w pran san w pou w li rapò inisyal la. Kapab gen erè faktyèl ladan. Kapab den gen erè legal ladan. Se posib gen enfòmasyon enpòtan ki pa la. Se devwa avoka defans lan pou l lonje dwèt sou erè sa yo epi fòmile objeksyon l bay ak ajan pwobasyon an anvan santans lan pwononse. Jij la ak ajan pwobasyon an ka fè chanjman an repons a objeksyon sa yo.
Lè tout pati yo fin ekzamine rapò preliminè a, ajan pwobasyon an ap voye yon vèsyon final Rapò Envestigasyon Pre-Santans lan bay jij la. Nan vèsyon final sa a ap gen yon rekòmandasyon ajan pwobasyon an kote l ap di jij la ki sa li panse santans la ta dwe ye. Jij la ap teni kont de rekòmandasyon sa a anvan l enpoze yon santans. Jij la pa oblije suiv rekòmandasyon ajan pwobasyon an. Anfennkont, se jij la, se pa ni pwokirè a, ni ajan pwobasyon an ki deside kisa santans lan ap ye.
Jou y ap pwononse santans la, premye bagay jij la ap mande se si tout pati te resevwa yon kopi Rapò Envestigasyon Presantans lan epi si yo te gen chans etidye l. Gen yon prensip ki vle ke premye vèsyon Rapò Envestigasyon Presantans lan dwe distribye 35 jou maksimòm anvan dat santans lan ap pwononse a. Si yon kliyan vle li gen dwa renonse a prensip sa a, epi santans li ap pwononse pi vit.
Nan sèten ka, jij la ap resevwa yon nòt ekrit (swa yon mosyon oswa yon memoranndòm) de avoka defans lan anvan santans lan pwononse. Mosyon ou memoranndòm sa a ap founi eksplikasyon sou tout detay enpòtan jij la ta dwe konsidere. Anplis de agiman ekri yo, toude pati yo, gouvènman ak defans, gen dwa prezante agiman oral lè santans lan ap pwononse. Jij la gen pou devwa bay chak akize nan yon ka kriminèl chans pou yo pale anvan jij la enpoze santans. Se yon chans pou kliyan ki gen yon bagay pou yo di jij la. Li toujou bon ke kliyan di kichòy lè santans ap pwononse, men li pa obligatwa. Kliyan an ka ekri jij la tou anvan l pwononse santans lan. Lèt sa a pa dwe al jwenn jij la dirèkteman, li dwe al jwenn avoka defans lan ki limenm va transmèt li a jij la.
Odyans pou pwononse santans se yon seyans ki ouvè a piblik la, tankou tout lòt pwosedi nan tribinal. Fanmi w ka, e yo dwe, prezan nan odyans pou santans lan. Fanmi, zanmi, patwon, vwazen, etc. gen dwa voye lèt bay jij la anvan santans lan pwononse. Lèt sa yo pa dwe al jwenn jij la dirèkteman, yo dwe al jwenn avoka defans lan, ki limenm va rasanble yo epi va voye yo bay jij la denkou. Nan sèten ka, paran ou zanmi gen dwa pran lapawòl tou nan odyans pou santans lan.
Lè jij la fin tande tout pati yo, l ap anonse santans lan. Si santans lan gen prizon ladan, nan sèten ka, jij la ka pèmèt yon kliyan ki te lage sou kosyon “rann tèt li volontèman” apre. Se pa tout moun yo fèmen tousuit menm lè santans lan gen prizon ladan. Sa depann de ka an kesyon an, e sitou de konduit kliyan an pandan l deyò sou kosyon an.
Si jij la enpoze yon pèn prizon, li ka fè yon rekòmandasyon a Bureau of Prisons (Biwo Prizon) an osijè de ki kote (ki prizon) moun nan ta dwe pije pèn li. Bureau of Prisons teni kont de rekòmandasyon an men li pa oblije suiv rekòmandasyon jij la. Lepli souvan, jij la ap rekòmande ke yo voye yon kliyan nan yon prizon ki osi pre lakay li ke posib yon fason pou ankouraje vizit paran.
Si se yon santans pwobasyon oswa libète sou sipèvizyon jij la enpoze, kliyan an ap gen 72 èdtan pou l prezante nan biwo pwobasyon. Li toujou bon ke soti w soti nan tribinal la ou ale toudwat nan biwo pwobasyon an pou w anrejistre. Ajan pwobasyon an dabitid ap pran enfòmasyon jeneral nan men w jou sa a epi l ap ba w fòm pou w ranpli.
Libète kondisyonèl pa ekziste ankò nan sistèm federal la. Nan pifò ka, yon kliyan ap benefisye de kredi pou tout tan li pase an detansyon federal anvan yo te pwononse santans li. Sèl eksepsyon se pou kliyan ki swa deja ap pije pèn pou yon lòt ka oswa yon kliyan yo mennen nan tribinal sou baz “lòd habeas corpus”. Pou kliyan yo mennen nan tribinal sou baz lòd sa a, kredi tan l ap depann de si tan li pase nan prizon an se te pou l pije pèn pou yon lòt kòz. Dabitid yo pa bay kredi pou tan yon moun pase an detansyon nan men imigrasyon. Si pou jij la ta teni kont de tan w pase an detansyon nan imigrasyon, li t ap oblije retire tan w pase nan men imigrasyon an nan santans ou pou l ka redui l.
Pou santans yon ane oswa pi piti, yo pa bay kredi pou tan pou bòn konduit. Yon kliyan gen pou l pije pèn li pandan tout douz mwa a, sof dènye dipousan an ke dabitid l ap pije nan yon fwaye tranzisyon. Pou santans ennan enjou ou plis, yon kliyan kalifye pou l benefisye de jiska 15 pousan, depi li pat gen pwoblèm disiplin. Se ki vle di ke sou yon santans dizan, pa ekzanp, yon kliyan ka pije uitan edmi. Dènye dipousan nan uitan sa a li ka pase l nan yon fwaye tranzisyon. Dapre “Lwa Dezyèm Chans” lan, tan maksimòm yon kliyan ka pase nan yon fwaye tranzisyon se douz mwa.
Kliyan ki gen yon istwa dokimante de konsomasyon dwòg gen dwa kalifye pou yon pwogram tretman dwòg entansif de 500 edtan. Kliyan ki reyisi tèmine pwogram sa a ka benefisye de yon rediksyon de jiska ennan nan santans yo. Kliyan yo te jwenn koupab de yon krim vyolan, pami lèkèl posesyon zam, gen dwa patisipe nan tretman dwog men yo pa kalifye pou rediksyon santans.