Pou Kliyan yo Arete nan Miami

Enfòmasyon pou Vizitè

Vizit nan FDC Miami limite sèlman a manm fanmi pwòch.  Anvan w ka ale nan vizit, fòk non w enskri nan lis yo apwouve pou vizite paran w lan.  Lè paran w lan rive nan sant lan, yo ba li yon fòm pou l ranpli ak enfòmasyon l.  Paran w lan ranpli pòsyon  nan fòm nan ki pou li a epi l poste l bay vizitè potansyèl la.  Vizitè potansyèl la ranpli tout rès seksyon nan fòm nan epi l voye fòm nan byen ranpli tounen nan adrès paran w lan (ke l ap jwenn nan fòm nan).  Infwa ke yo apwouve vizitè potansyèl la, vizitè a gen dwa vin vizite paran  lan.

Orè Vizit

Orè vizit depann de nan ki seksyon moun nan loje nan sant lan. Vizitè dwe konsilte paran an pou yo konnen orè vizit. Tyeke lyen sa a tou pou w ka jwenn enfòmasyon sou jou ak è vizit nan FDC Miami.

Kòman w voye lajan bay yon Moun ki nan FDC

Fanmi ak zanmi gen dwa voye lajan bay detni atravè Western Union Quick Collect Program (Peman Rapid Western Union). Tout lajan ou voye atravè Western Union Quick Collect ap afiche nan kont detni an nan yon espas de dezè a katrèdman, depi w voye lajan an ant 7:00 a.m. e 9:00 p.m. EST (sèt jou pa senmenn, menm jou konje). Lajan yo resevwa apre 9:00 p.m. pral afiche pa pita ke 9:00 a.m. EST lelannmen maten. Ou ka voye lajan youn nan fason sa yo:

Tyeke yon ajan si w gen lajan kach: Fanmi ou zanmi detni a dwe ranpli yon Blue Quick Collect Send Form. Pou w jwenn ajan ki pi pre w la ou ka rele 1-800-634-3422 oswa ale nan www.westernunion.com.

Pa telefòn si w ap sèvi ak kat debi/kredi: Fanmi ou zanmi detni an ka senpleman rele 1-800-634-3422.

Pa entènèt si w ap sèvi ak kat debi/kredi: Fanmi ak zanmi detni an ka ale nan www.westernunion.com. Non destination an se “Federal Bureau of Prisons.”

Pou chak tranzaksyon Western Union, w ap gen pou w founi enfòmasyon sa yo:
Register Number (Nimewo anrejistreman)
Non Detni
Kòd vil: FBOP
Kòd Eta: DC

Fanmi ak zanmi gen dwa sèvi tou ak MoneyGram pou yo voye lajan. Pou w lokalize ajan ki pi pre w rele 1-800-926-9400 oswa vizite www.moneygram.com/paybills?receiveCode=7932. Entwodui receive code 7932 oswa Federal Bureau of Prisons. Si se premye fwa w ap sèvi nan sitweb la w ap gen pou w kreye yon pwofil ak yon kont. W ap bezwen yon kat kredi MasterCard oswa Visa.

Pou Kliyan yo arete nan Broward County

Moun yo arete e moun ki gen ka Federal ann atant fèmen nan youn nan kat enstalasyon say o nan Broward County. Pou w lokalize yon moun, monte sou sit entènèt Broward County Sheriff’s Office. Se nan youn nan kat sant sa yo moun nan detni:

W ap jwenn regleman sou vizit ak enfòmasyon sou kòman pou w voye lajan nan kont ekonoma yon moun nan paj entènèt Broward County Sheriff.

Pou Kliyan yo Arete nan Palm Beach County

Moun yo arete e moun ki gen ka Federal ann atant fèmen dabitid nan de (2) enstalasyon: