Llibète sou Sipèvizyon

Pifò santans federal vini avèk yon peryòd swa de pwobasyon swa de libète sou sipèvizyon.  Prensipal diferans ant pwobasyon e libète sou sipèvizyon sè ke yon moun resevwa pwobasyon olye w al pije pèn prizon, alòske se apre yon moun fin lage nan prizon yo ba li libète sou sipèvizyon.  Nan ka libète sou sipèvizyon an tankou nan ka pwobasyon an, se yon ajan pwobasyon k ap sipèvize kliyan an.

Travay ajan pwobasyon an doub:  (1) ride kliyan an fè tranzisyon de prizon an a kominote a epi (2) asire l ke kliyan an respekte tout kondisyon jij la fikse.  Li ekstrèmeman enpòtan pou kliyan etabli bon rapò avèk ajan pwobasyon federal ki anchaj de ka yo.  Ajan pwobasyon an ka konstitye yon bon resous pou pwogram kantilsaji de edikasyon ak fòmasyon pwofesyonèl.  Nan sèten ka, yon ajan pwobasyon ka founi èd nan kesyon ki konsène tretman pou moun dwoge ak konsèy sikolojik.

Dabitid yo pale de vyolasyon pwobasyon oswa vyolasyon libète sou sipèvizyon lè yon moun pa respekte règ jij la fikse.  Kòm ekzanp vyolasyon, genyen konsomasyon dwòg, pa prezante nan biwo ajan pwobasyon federal la oswa pa mentni kontak avèk li, komèt yon lòt krim.   Se pa tout vyolasyon pwobasyon oswa libète sou sipèvizyon ki abouti a pèn prizon.  Si tèt yon kliyan chaje paske l sispèk li ka te komèt yon vyolasyon, li ta bon li konsilte avoka defans federal ki te anchaj de ka a lè yo t ap pwononse santans lan.  Pafwa gen pwoblèm ki ka rezoud san yo pa depoze yon plent fòmèl ke w vyole pwobasyon an.

Si ajan pwobasyon an kwè yon kliyan vyole pwobasyon oswa libète sou sipèvizyon, ajan an kapab depoze yon rekèt kote l ekspoze vyolasyon yo.  Vyolasyon yo konstitye akizasyon oswa alegasyon ajan pwobasyon an fè, kote l dekri ekzakteman ki espès de vyolasyon li kwè kliyan an komèt.

Infwa ke yo depoze yon rekèt, kliyan an dwe konparèt nan tribinal.  Nan premye konparisyon an, y ap fè kliyan an konnen ki sòt de vyolasyon li komèt epi y ap nonmen yon avoka pou li.  Si se Federal Public Defender’s Office (Biwo Defansè Piblik Federal)  la ki te reprezante kliyan an nan lepase, gen chans ke biwo a kontinye reprezante kliyan sa a.  Nan sèten ka se menm avoka ki te reprezante l pou santans lan k ap kontinye reprezante l pandan tout dire pwosesis odyans vyolasyon an.

Apre premye konparisyon an, jij anchaj de santans lan ap fikse yon odyans revokasyon final pou l ka detèmine si toutbon gen vyolasyon, e si genyen, ki santans li dwe enpoze.   Nan odyans sa a, y ap mande kliyan an pou swa li “admèt” oswa li “nye” vyolasyon ki mansyone nan rekèt la.  Si kliyan an nye nenpòt nan vyolasyon yo, li gen dwa a yon odyans  pou detèmine si toutbon gen vyolasyon.  Nan odyans sa a pa gen jiri.  Se Jij la ki gen pou l deside sa k pou fèt.   Pwokirè a menmjan ak avoka defans lan gen dwa prezante prèv ak temwen.  Yon kliyan gen dwa rann temwayaj anfavè pwòp tèt li nan yon odyans vyolasyon.   Estanda yo suiv pou yo kondane yon moun yo akize de vyolasyon diferan de estanda yo itilize pou yo jwenn ou koupab nan jijman. Degre prèv yo pi ba nan odyans vyolasyon an.  Nan yon odyans vyolasyon, yo pa oblije prezante prèv ki depase tout dout rezonab.   Olye de sa, sa ki nesesè sè ke prèv la ase konvenkan.

Nan sèten ka, pati yo konn jwenn yon antant kote kliyan an pral admèt youn oswa plis vyolasyon, epi yo annile lòt vyolasyon yo.  Nan sèten ka, jij la ap pèmèt rekèt la rete ouvè, oswa annatant, pou l bay kliyan an yon chans pou l konfòme l pi byen a kondisyon sipèvizyon an.  Apre yon sètèn peryòd kote kliyan an konpòte l byen, pafwa yo ka rejte rekèt  la  oswa annile l.

Si jij la detèmine ke kliyan an vyole kondisyon pwobasyon an, jij la ka swa mentni menm dire pwobasyon an oswa revoke pwobasyon an.  Si jij la mentni pwobasyon an, li ka chanje kondisyon yo.  Si jij la revoke pwobasyon an, l ap enpoze yon nouvo santans.  Nouvo santans lan gen dwa gen pèn prizon ladan, reklizyon adomisil, oswa yon diferan dire pou pwobasyon an.  Si jij la enpoze pèn prizon, li ka enpoze yon lòt longè tou pou libète sou sipèvizyon an apre pèn prizon an fin pije.

Si jij la detèmine ke kliyan an vyole kondisyon libète sou sipèvizyon yo, jij la ka kenbe menm dire kondisyon sipèvizyon an, modifye oswa ajoute kondisyon, oswa revoke libète sou sipèvizyon an.  Apre revokasyon an, jij la gen dwa enpoze yon santans diferan ki gen ladan pèn prizon menmsi kliyan an te gentan pase anpil tan sou sipèvizyon.  Pa ekzanp, si yon kliyan gentan pase dezan edmi sou yon peryòd sipèvizyon de twazan, epi l komèt yon vyolasyon, jij la ka enpoze pèn prizon, epi ogmante libète sou sipèvizyon k ap tann kliyan an lè l lage, san li pa ba li oken kredi ditou pou dezan edmi li deja pase sou sipèvizyon an.  Ase souvan, jij la pa oblije enpoze pèn prizon apre yon vyolasyon.  Jij la gen dwa tou enpoze reklizyon adomisil oubyen yon peryòd sipèvizyon diferan.

Depi yo kondane yon moun pou yon nouvo krim, li komèt yon vyolasyon  pwobasyon  ak libète sou sipèvizyon.  Yon kliyan dwe trè pridan si l aksepte negosye antant pou plede koupab pou yon akizasyon tounèf san li pa konsilte dabò yon avoka defans.  Apre yon nouvo kondanazyon, yo ka enpoze yon kliyan yon lòt santans pou yon vyolasyon, mete sou tèt kelkeswa santans li genyen pou nouvo ka a.  Byenke jij la gen pouvwa pou li enpoze yon santans pou vyolasyon an pou w pije similtaneman, sètadi anmemtan ak santans pou ka tounèf la, konsa tou jij la gen pouvwa pou li enpoze yon santans pou vyolasyon an pou w pije apre, sètadi  ki ajoute sou tèt lòt santans lan.  Alaverite, direktiv federal  sou santans rekòmande ke tout kondanasyon pou vyolasyon adisyone sou tèt lòt santans moun nan ap resevwa pou nouvo kondanasyon an.

Nan sèten ka, si yon kliyan gen yon konpòtman san repwòch pandan l nan pwobasyon oswa libète sou sipèvizyon, epi l deja fin peye amann li oswa restitisyon, yon jij gen dwa redui dire sipèvizyon an.  Sa pa fèt twò souvan.  Sepandan, si kliyan an acheve detyè nan peryòd sipèvizyon l, li pa komèt okenn vyolasyon e li konfòme l a tout kondisyon sipèvizyon an, epi l peye restitisyon ak amann, kliyan an te dwe anvizaje kontakte avoka defans federal li pou l ka ekri jij la mande yon fen antisipe.  Yon demann fen antisipe gen plis chans apwouve si ajan pwobasyon k ap sipèvize l la dakò ak demann nan.