Kosyon e Detansyon Prevantiv

Kosyon nan sistèm federal la trè diferan de kosyon nan sistèm eta yo.  Si komisè gouvènman an mande pou yo detni yon moun san kosyon, ou gen dwa a yon odyans pou detèmine si pou yo lage w ou non pou w retounen lè dat jijman w rive.   Odyans sa a dewoule dabitid twa jou ouvrab apre premye konparisyon w nan tribinal.  Si jij-majistra a detèmine li konvnab pou yo ba w kosyon, l ap fikse kondisyon li kwè k ap garanti prezans ou nan tribinal lè l nesesè.

Gen plizyè sòt de kondisyon pou kosyon; pami lèkèl genyen ki ka ekzije w depoze lajan nan tribinal la oswa  siyati plis fanmi ak zanmin.  Se raman yo sèvi ak kosyonè nan sistèm federal la, donk tanpri pale avèk avoka ki anchaj de ka w la anvan w siyen kontra avèk yon kosyonè pou yon ka federal.

Nan premye odyans ou nan tribinal federal, yon jij-majistra pral deside si ou reyini kondisyon pou tribinal la nonmen yon avoka pou ou e si pou yo lage w sou kosyon oswa kenbe w nan prizon pandan tout tan ka w la ann atant.  Premye konparisyon nan tribinal federal fet bonè nan apremidi, dabitid a 1:30 pm oswa a 2:00 pm.

Yo chanje jij-majistra ki prezide kalandriye odyans premye konparisyon yo chak senmenn.  Ou dwe rele Office of the Clerk of Courts (Biwo Grefye Tribinal) pou w konnen akilè e ki kote premye konparisyon w lan ap fèt.  Ou ka kontakte Clerk’s Office la nan (305) 523-5100 nan Miami-Dade County, (954) 769-5400 nan Broward County, (561) 803-3400 nan Palm Beach County, (772) 467-2300 nan St Lucie County, oswa (305) 295-8100 nan Key West.

Se byen posib ke gen yon odyans lè premye konparisyon w lan pou detèmine si  yo dwe lage w, e si wi, ak ki kondisyon.  Odyans la ka fèt lè premye konparisyon w nan, oswa yo ka ranvwaye l pou detwa jou  si avoka w la bezwen plis tan pou l fè preparasyon.  Si sibstiti komisè gouvènman an deklare nan premye konparisyon an li vle kenbe w fèmen san kosyon pandan dire ka a, alò jij federal adjwen an ka byen ranvwaye odyans lan pou twa (3) jou.

Pa gen yon montan fiks pou kosyon nan tribinal federal.  Yon jij-majistra ap lage w sou kondisyon ki sifi pou yo garanti ke w ap konparèt nan tribinal.  Kondisyon pou kosyon an varye depandan de gravite akizasyon kont ou yo, pase kriminèl ou, atach ou nan kominote a, epi sitiyasyon finansyè w.

Kosyon nan tribinal federal trè diferan de kosyon nan sistèm eta yo.  Se raman yo sèvi ak kosyonè nan tribinal federal pou akize endijan ke Federal Public Defender’s Office la reprezante.

Gen diferan tip de kosyon nan sistèm federal la.  Jij-majistra federal la gen dwa enpoze sa yo rele “kosyon pèsonèl”.  Pou tip de kosyon sa a, si w pa prezante nan tribinal jan yo ekzije w la oswa w pa respekte lòt kondisyon kosyon an, gouvènman an ka  kolekte lajan ki rive jiska montan kosyon an nan men w oswa nan men nenpòt moun ke jij la mande kosiyen kosyon an.

Jij-majistra federal la gen dwa enpoze tou sa yo rele yon “kosyon pousantaj”.  Pou jan de kosyon sa a,yo gen dwa ekzije ke oumenm oswa fanmi w depoze yon valè lajan nan Tribinal la (yon pousantaj montan total kosyon an).  Lajan kach ou depoze nan tribinal la sanse reprezante yon kolateral ki pou bay tribinal la garanti ke w ap kontinye konparèt nan tribinal la jan yo ekzije w la.  Si w respekte tout kondisyon kosyon yo,  moun ki te depoze lajan an nan tribinal la y ap remèt li li.  Yon jij gen dwa ekzije ke oumenm oswa fanmi w aksepte kèk restriksyon, tèlke pwomèt ou p ap vann yon kay.  Oubyen jij la ka ekzije ke yo plase w sou siveyans elektwonik alèd de yon braslè nan cheviy, oswa yo ka ekzije w obsève yon kouvrefe.

Yon kosyon se fondamantalman yo kontra ki pase ant oumenm, kosiyatè yo, gouvènman an ak tribinal la.  Dapre kontra sa a ou oblije konparèt nan tribinal lè pou w konparèt, epi respekte kondisyon kosyon an.  Si w pa fè sa, ou ka pèdi lajan kach ou te depoze nan tribinal la, gouvènman an gen dwa fè oumenm ak kosiyatè yo vèse yon montan ki ka egal a montan total kosyon an, epi gouvènman an ka menm arete w epi mande pou yo kenbe w fèmen diran tan ka w la ann atant.

Chak ka vini ak afè pa l, sepandan men yon lis kondisyon jij la ka enpoze pou l ka akòde w kosyon: Sipèvizyon anvan jijman,  tès dwòg, tretman mantal, deplasman ki pa rive pi lwen pase Distri Sid Florid, remiz de tout dokiman vwayaj ou, kontwòl elektwonik, kouvrefe, ekzijans ke w pa frekante okenn sant transpò tèlke ayewopò, ke w remèt zam ou posede, oswa restriksyon sou sèten tip de travay.  Yo enpoze kondisyon sa yo pou garanti konparisyon w nan tribinal.  Y ap ekspoze yo alekri nan dokiman kosyon ke ou oswa kosiyatè w yo siyen nan tribinal la.  Si w bezwen yon kopi dokiman kosyon w lan, tanpri mande Assistant Federal Public Defender a (Defensè Piblik Federal Adjwen .

Teknikman, nenpòt moun ki rezide legalman nan peyi a kapab kosiyatè sou kosyon w.  Li mye ke kosiyatè yo se manm fanmi  w oswa zanmi w.  Li mye ke kosiyatè yo gen yon revni oswa posede byen.   Sepandan, nan sèten ka, yo konn pèmet yon kosiyatè san revni siyen.  Ou dwe debat avèk avoka w nan biwo nou an kilès ou panse ki ta yon kosiyatè potansyèl.

Nenpòt moun ki gen entansyon siyen yon kosyon dwe fè posib li pou l prezan nan odyans kosyon an.  Nenpòt moun ki vini nan odyans kosyon an dwe konnen yo dwe rive bonè pou yo anrejistre nan biwo resepsyon an, epi yo dwe mache avèk yon pyès idantifikasyon ak foto ki sot nan leta e ki valid, epi yo pa dwe mache avèk telefòn selilè.

Infwa ke w lage sou kosyon, w ap gen pou w prezante imedyatman nan U.S. Probation Office (Biwo Pwobasyon Etazini), epi biwo sa a pral sipèvize w pandan ka w la ann atant.  Avoka w oswa Pretrial Services Officer (Ajan Sèvis Prejijman) ki prezan nan Tribinal la ap gide w  pou w ka konnen ki kote pou w prezante.

Ase souvan yo lage moun byen ta nan aswè, donk tanpri fè paran w yo konnen yo ka oblije tann plizyè èdtan anvan yo lage w.  Si yo lage w apre U.S. Probation Office lan gentan fèmen pou jounen an, tanpri rele pou w kite yon mesaj epi nan demen maten prezante byen bonè.

Nou pral ba w adrès ak nimewo telefòn diferan biwo U.S. Probation Office nan Southern District of Florida:

Miami:

Wilkie D. Ferguson, Jr. U.S. Courthouse
400 North Miami Avenue, Ninth Floor
Miami, Florida 33128
(305) 512-1800

Miami Lakes:
Miami Lakes Business Park West
14601 Oak Lane
Miami Lakes, Florida 33016
(305) 259-1300

Kendall:
Southern Centre
12900 SW 128 St, Suite 200
Miami, Florida 33186
(305) 259-1300

Ft Lauderdale
U.S. Courthouse
299 East Broward Boulevard, Suite 409
Ft. Lauderdale, Florida 33301
(954) 769-5500

Hollywood:
6565 Taft Street, Suite 300
Hollywood, Florida 33024
(954) 769-5570

West Palm Beach:
501 South Flagler Drive, Suite 400
West Palm Beach, Florida 33401
(561) 804-6894

Ft. Pierce:
U.S. Courthouse
101 South U.S. Highway 1, Suite 1094
Ft. pierce, Florida 34950
(772) 467-2360

Key West:
301 Simonton Street, Suite 230
Key West, Florida 33040
(305) 295-8140

Si yo akize w dèske w vyole kondisyon libète anvan jijman w, tribinal la ap òganize yon odyans sou  vyolasyon yo di ou fè a epi yo ka fèmen w, modifye kondisyon libète w, oswa pa fè anyen ditou.  Si yo detèmine ke w vyole yon kondisyon libète w, tribinal la gen dwa deside ke w pèdi kosyon w lan e yo ka pèmèt gouvènman an touche tout montan kosyon an nan men w oswa nan men kosiyatè yo.