Apèl ak Lòt Rekou Apre Kondanasyon
Lè yo kondane yon moun, an jeneral li gen dwa ale ann apèl. Ou ka depoze notifikasyon apèl la, pou w mete pwosesis apèl la an mach, sèlman apre santans lan fin pwononse. Pwosesis apèl la pran apeprè ennan, byenke dire a ka varye anpil depandan de pwoblèm ki soulve e konpleksite ka a. Se The United States Court of Appeals (Koudapèl Etazini) pou Onzyèm Sikwi a ki deside apèl.
An jeneral, yon akize yo kondane nan Distri Sid Florid gen dwa ale ann apèl avèk kondanasyon an e santans lan. Notifikasyon apèl la dwe depoze nan peryòd 14 jou ki suiv jijman an. Se Koudapèl Etazini pou Onzyèm Sikwi a ki pral deside apèl la. Pwosesis apèl la dire jeneralman ennan anviwon.
Yon akize gen dwa a yon avoka lè l ann apèl. Si Federal Public Defender’s Office (Biwo Defansè Piblik Federal) la te reprezante yon kliyan nan tribinal distri, n ap pran apèl la anchaj tou, amwenske nou fè fas a konfli. (Nan ka sa a, si kliyan an pa gen mwayen pou l pran avoka, tribinal la ap nonmen yon avoka ki p ap travay nan biwo sa a). Si kliyan an te gen avoka prive lè l te nan tribinal distri epi lajan l fini, kliyan an gen dwa mande ke yo nonmen yon avoka pou li pou apèl la.
Apèl limite a prèv ki te prezante nan tribinal distri a. Yon kliyan pa kapab parèt ak prèv tounèf ann apèl. Plis ankò, rezon moun ale ann apèl se pou rektifye erè legal. Koudapèl la pa la pou l deside si desizyon jiri a te kòrek ou pa.
Si yon kliyan te plede koupab, nòmalman li pèdi dwa pou li soulve ann apèl kèlkeswa desizyon jij la te pran anvan l te plede koupab la. Si kliyan an pèdi yon mosyon pou siprime prèv, pa ekzanp, sèl jan pou kliyan an soulve desizyon jij la ann apèl se si te gen yon “antant kondisyonèl” espesyal ki pèmèt kliyan an soulve pwoblèm sa a ann apèl. Si se nan jijman kliyan an te ale, dotrepa, kliyan an ka soulve ann apèl nenpòt nan desizyon jij la te pran anvan, pandan e apre jijman an.
Sèten antant pou plede koupab nan distri sa a gen yon pati “renonsyasyon” kote kliyan an renonse a dwa li genyen pou l soulve kèlkeswa pwen an ann apèl. Sa k ka soulve ann apèl e sa k paka soulve depann de sa ki ekri nan renonsyasyon an. Yon kliyan dwe konsilte avoka l osijè de “renonsyasyon a apèl” lè l fè antant pou l plede koupab.
Si kliyan an kondane pou l ale nan prizon, kliyan an gen anpil chans pou l kòmanse pije pèn li menmsi l ale ann apèl. Jij ki te enpoze santans lan gen pouvwa pou l akòde l libète jiskaske desizyon apèl la rive. Si jij la refize, kliyan an gen fonnman pou l mande koudapèl akòde l libète annatadan apèl la deside. Sepandan, y ap lage yon kliyan pandan apèl sèlman si jij la detèrmine de (2) bagay: (1) ke kliyan an pa danjere e li p ap sove e (2) ke kliyan an prezante bonjan agiman nan apèl la. Se pa fasil yo akòde libète pandan moun ap tann rezilta apèl.
Si yon kliyan pèdi nan Onzyèm Sikwi a, li gen dwa mande Kou Siprèm Etazini repanche sou ka a. Sepandan Kou Siprèm aksepte sèlman kèk grenn ka trèz enpòtan chak ane. Si yon avoka depoze yon “rekèt ekstraòdinè certiorari”, ki mande Jij tribinal la pran ka a an konsiderasyon, e si yo akòde “rekèt la”, Kou Siprèm ap pran desizyon final la nan ka a. Si yo refize resevwa “rekèt” la, desizyon Onzyèm Sikwi ap rete anplas.
Menmjan prizónye nan sistèm eta yo ka depoze rekèt habeas corpus, prizónye federal tou kapab prezante mosyon nan tribinal distri pou yo atake kondanasyon an oswa santans lan sou baz 28 U.S.C. 2255. Dabitid yon mosyon 2255 pretann ke dwa konstitisyonèl rekeran an vyole. Jeneralman, rekèt sa a dwe depoze nan yon peryòd ki pa depase ennan apre dat kondanasyon an te finalize. Dwa pou yo nonmen avoka pou ou a pa ekziste. Yon rekeran dwe depoze rekèt la poukont li epi mande tribinal distri a nonmen yon avoka. Si yo pa nonmen yon avoka, rekeran an ap oblije kontinye san avoka.