Kesyon Frekan sou Envestigasyon anvan Arestasyon e Mandadarè

Si ajan federal kontakte w oswa w aprann ke ajan federal bezwen pale avèk ou osijè de yon envestigasyon kriminèl, ou dwe fè posib ou pou w pale avèk yon avoka anvan w pale avèk ajan federal yo. Si w pa gen mwayen pou w pran yon avoka, ou gen dwa rele youn nan biwo nou yo pou w ka jwenn plis enfòmasyon sou kòman pou w mande ke jij la mete yon avoka a dispozisyon w gratis.

Si w panse yo ka ap mennen yon envestigasyon federal sou ou, ou dwe kontakte yon avoka defans kriminèl anvan w pale avèk otorite polisyè oswa reprezantan yo.  Ou gen dwa a konsèy yon avoka pandan nenpòt konvèsasyon avèk otorite polis.  Avoka w la dwe planifye tout rankont oswa kontak telefonik avèk yo.  Menmsi w pa gen avoka, raple reprezantan otorite polisyè  ke w vle gen yon avoka prezan.

Si w pa gen mwayen pou w pran avoka, ou dwe kontakte Federal Public Defender’s Office  (Biwo Defansè Piblik Federal) nan (305) 530-7000 nan Miami-Dade County, (954) 356-7436 nan Broward, (561) 833-6288 nan Palm Beach, (772) 489-2123 nan St Lucie County.  Yon Assistant Federal Public Defender (Defansè Piblik Federal Adjwen)  kapab founi w enfòmasyon sou kòman pou w fè pou tribinal la mete yon avoka a dispozisyon w gratis.  Menmsi w kwè ou se temwen nan yon envestigasyon federal, ou gen opsyon epi w gen dwa konsilte yon avoka, tankou w gen dwa refize pale avèk otorite.

Li enpòtan ke w detèmine si se oumenm gran jiri a ap envestige oswa si w se yon senp temwen ki la pou founi prèv.  “Sijè” oswa “sib” se nenpòt moun gouvènman an ka akize de yon krim apati de rezilta pwosedi  gran jiri a.  Reli sitasyon tribinal la oswa lèt ou resevwa de U.S.  Atorney a (Komisè Gouvènman Etazini an byen pou w verifye si biwo a konsidere w kòm “sijè” oswa “sib” envestigasyon an.  Si se oumenm ki “sijè” oswa “sib” la, menm si w pa fin sèten, men ou sispèk se ka oumenm ki “sijè” oswa “sib” envestigasyon gran jiri a, ou dwe kontakte yon avoka ki espesyalize nan dwa penal tousuit.  Ou pa dwe negosye avèk sibstiti komisè gouvènman oswa otorite polisyè poukont ou.  Fè avoka defans ou an rele U.S. Attorney’s Office (Biwo Komisè Gouvènman Etazini an) pou l ka chèche konnen poukisa ou enterese yo.  Yon avoka espesyalize nan dwa penal kapab pwoteje yon seri dwa enpòtan pou ou, pami lèkèl dwa ou genyen pou w pa enkriminen pwòp tèt ou, epi li ka reyisi negosye iminite pou ou pou w ka rann temwayaj ann echanj.

Si w pa gen mwayen pou w pran avoka, ou dwe kontakte Federal Public Defender’s Office la nan (305) 530-7000 nan Miami-Dade County, (954) 356-7436 nan Broward, (561) 833-6288 nan Palm Beach, (772) 489-2123 nan St Lucie County.  Yon Assistant Federal Public Defender kapab founi w enfòmasyon sou kòman pou w mande tribinal la mete yon avoka a dispozisyon w gratis. 

Si w aprann ou gen yon mandadarè federal ann atant pou arestasyon w, ou dwe anvizaje posiblite pou w rann tèt ou nan United States Marshal Office (Biwo  Machal Ameriken) .  Anvan w rann tèt ou, li ta bon pou w pale avèk yon avoka.  Ou gen dwa pran kontak avèk Federal Public Defender’s Office la nan (305) 530-7000 nan Miami-Dade County, (954) 356-7436 nan Broward, (561) 833-6288 nan Palm Beach, (772) 489-2123 nan St Lucie County, depandan de ki kote ou ye.  Yon Federal Assistant Public Defender kapab diskite avèk ou sou kesyon rann tèt ou bay United States Marshal.  Si w chwazi pa rann tèt ou, sa ka gen konsekans trè grav pou ka w la, e sa ka menm fè yo mete plis akizasyon kriminèl sou ou.

The U.S. Marshals Service of the United states (Sèvis Machal Etazini) gen biwo nan kote sa yo nan Southern District of Florida (Distri Sid Florid):

Nan Miami: U.S Courthouse, 400 N. Miami Avenue 6th Floor, Miami, Florida (786) 433-6340

Nan Ft. Lauderdale: U.S. Courthouse, 299 E. Broward Boulevard, Room 312, Ft. Lauderdale, Florida (954) 356-7256

Nan West Palm Beach: 701 Clematis Street-Room 215, West Palm Beach, Florida (561) 655-1827

Nan Ft. Pierce: 101 South US Highway One, Suite 2058, Ft. Pierce, Florida 34950 (772) 293-0650