Deskripsyon Jeneral yon Ka Federal
N ap prezante w deskripsyon jeneral sa a de sa ki pase nan yon pwosè kriminèl federal pou n ka ride fanmi ak zanmi kliyan nou yo. Enfòmasyon sa yo pa la pou ranplase konsèy legal. Avoka ki anchaj de ka w la se meyè sous ki pou founi w enfòmasyon sou estati, regleman, ak desizyon jidisyè ki reji yon ka an patikilye.
Yon ka kriminèl federal dabitid kòmanse avèk yon arestasyon. Gendelè ajan polis federal konn entewoje yon sispèk san yo pa arete l fòmèlman, men yon ka nan tribinal federal pa kòmanse ofisyèlman toutan yon pwokirè federal pòkò depoze akizasyon nan tribinal distri federal.
Si yo arete yon moun, moun nan gen dwa gade silans. Ajan ki fè arestasyon an dwe fè lekti dwa (ke yo rele dwa Miranda) bay sispèk la. Yon moun gen dwa renonse a dwa sa yo. Gendelè li nan enterè yon sispèk renonse a dwa sa yo, men jeneralman palan, si yo akize w de yon krim li pa yon bòn ide pou w pale avèk otorite leta san prezans yon avoka. Meyè bagay pou w fè leplisouvan se tann konsèy yon avoka, piske yo ka sèvi nan tribinal la ak nenpòt deklarasyon w fè bay otorite yo.
Premye okazyon yon akize ap genyen pou l ale nan tribinal rele Premye Konparisyon. Premye konparisyon sa a dwe fèt nan yon delè ki pa depase 48 èdtan apre arestasyon an. Premye konparisyon devan jij se ap devan yon jij-majistra federal. Premye konparisyon an ap rapid. Nan konparisyon sa a, jij-majistra a ap kòmanse pa mande sispèk la si li gen entansyon angaje yon avoka prive. Si akize a reponn li pa gen mwayen pou l pran avoka, jij-majistra ap poze l kèk kesyon sou byen l posede ak finans li. Si jij-majistra detèmine ke moun nan pa gen mwayen pou l angaje yon avoka, alò jij-majistra ap nonmen yon avoka nan Federal Public Defender’s Office (Biwo Defansè Piblik Federal) pou reprezante akize a. Pafwa Federal Public Defender’s Office la konn fè fas a konfli denterè (petèt paske nou deja reprezante yon lòt akize oswa temwen nan menm ka a). Lè sa rive, jij-majistra ap nonmen yon avoka prive ke tribinal la ap peye pou reprezante akize a nan ka a. (Souvan yo rele avoka sa yo “CJA Attorney”)
Nan premye konparisyon an tou, akize a ap resevwa yon kopi akizasyon yo genyen kont li epi y ap li akizasyon yo an seyans piblik. Si sèvis yon entèprèt nesesè, tribinal la ap founi youn.
Jij-majistra federal k ap prezide kalandriye odyans premye konparisyon yo chanje chak senmenn. Ou dwe rele Office of the Clerk of Courts (Biwo Grefye Tribinal) pou w ka konnen akilè e ki kote ekzakteman premye konparisyon w lan ap dewoule. Ou ka kontakte Clerk’s Office la nan (305) 523-5100 nan Miami-Dade County, (954) 769-5400 nan Broward County, (561) 803-3400 nan Palm Beach County, (772) 467-2300 nan St. Lucie County, oswa (305) 295-8100 nan Key West.
Dabitid se nan Premye Konparisyon an yo fikse kosyon. Pafwa yon avoka kapab jije l nesesè ke yo ranvwaye odyans kosyon an pou detwa jou pou li ka gentan fè preparasyon pou odyans kosyon an epi ogmante chans kliyan l lan pou l jwenn kosyon. Pwokirè federal la gen dwa dakò pou kosyon an oswa konteste l, men se jij la an dènye lye ki deside si yon moun ap benefisye de kosyon.
Garanti kosyon an gen dwa lajan kach, byen, oswa siyati kosiyatè. Kosiyatè yo se moun ki reponn pou akize a nan tribinal la pou l garanti ke l ap retounen. Si kliyan an pa prezante nan tribinal, donk gouvènman an gen dwa rann kosiyatè yo reskonsab peye montan total kosyon an. Si se byen, tankou yon kay oswa teren yo bay kòm garanti, dabitid tribinal la ekzije tout moun ki gen non yo nan tit pwopriyete a siyen kosyon an.
Yo moun ki gen entansyon kosiyen yon kosyon dwe fè tout efò posib pou l prezan nan odyans kosyon an. Yon moun ki vini nan odyans kosyon an dwe konnen li oblije rive bonè ase pou l ka anrejistre nan biwo resepsyon an, fòk li mache avèk yon pyès idantifikasyon valid ak foto ki soti nan leta, epi pou l pa mache avèk telefòn selilè.
Anvan odyans kosyon an, yon manm Pretrial Services Office (Biwo Sèvis Anvan Jijman) ap entèvyouwe kliyan an. Tout sa ki di nan entèvyou sa a pral ekri nan yon rapò y ap prepare pou jij la, pwokirè a, epi avoka defans lan. Se pa yon entèvyou konfidansyèl epi akize a gen dwa refize reponn nenpòt kesyon nan entèvyou sa a. Pretrial Services Office la fè jij la rekòmandasyon sou kosyon an. Ajan an ka rele zanmi oswa fanmi kliyan an pou l verifye background li. Si Jij la akòde kosyon, yo gen dwa enpoze kliyan an kèk restriksyon pandan ka a pòkò rezoud. Restriksyon sa yo ka enkli limit nan deplasman, kouvrefe, prezante w nan pretrial services, tès ak tretman dwòg, tès santé mantal oswa tretman, epi siveyans elektwonik, pami lòt.
Si pandan l deyò sou kosyon kliyan an pa respekte kondisyon jij la fikse yo, yo ka rearete l. Yo ka revoke kosyon an epi yo ka ogmante akizasyon yo sou baz ke l vyole kondisyon kosyon an.
Infwa ke yo lage l sou kosyon, yon kliyan pa dwe janm rate yon konparisyon nan tribinal. Si kliyan an pa konparèt, jij la ka lage yon mandadarè dèyè l. Li enpòtan ke avoka a toujou konnen kòman pou l antre an kontak avèk kliyan l, epi pou l okouran de nenpòt chanjman ki fèt nan enfòmasyon l te bay pou kontak yo.
Etap ki vini apre Premye Konparisyon an se akizasyon fòmèl la, swa avèk yon akizasyon fòmèl gran jiri a, swa avèk yon rapò akizatè. Pou l ka jwenn yon akizasyon fòmèl, pwokirè federal la dwe prezante prèv bay Gran Jiri a. Gran Jiri a detèmine si gen kòz pwobab ki fè kwè ke kliyan an komèt yon krim federal, e si wi, li emèt yon akizasyon fòmèl ki detaye chaj yo. Pwosedi Gran Jiri yo sekrè-moun yo gen entansyon akize a pa gen dwa koute sa k ap pase nan pwosedi a, ni prezante temwen, ni poze temwen pwokirè a kesyon. Pwosedi sa yo se pwokirè ki jere yo e sèl sa Gran Jiri a gen pou l fè se deside si gen motif rezonab pou akize yon moun de yon krim federal. Si Gran Jiri a detèmine ke gen motif rezonab pou akize moun nan, alò li emèt yon Akizasyon Fòmèl nan ka a, epi yo pral remèt nenpòt nan jij tribinal distri yo ka a.
Depandan de konsèy avoka l, yon kliyan gen dwa chwazi renonse a dwa ke l genyen pou se Gran Jiri a ki pwodui akizasyon an. Nan ka sa a, akizasyon an ap parèt nan yon dokiman ki gen siyati Assistant United States Attorney (Sibstiti Komisè Gouvènman Etazini). Dokiman sa a rele Rapò Akizatè. Se avèk rapò akizatè yo pwodui akizasyon nan deli federal.
Apre Akizasyon Fòmèl la oswa Rapò Akizatè a, pwochèn konparisyon an se pral Enstriksyon. Nan odyans sa a, se swa yo li yon kopi akizasyon an pou kliyan an oswa yo ba li yon kopi. Kliyan deklare l pa koupab, li ekzije yon jijman avèk jiri, epi l mande pati pwokirè a montre l prèv yo.
Enstriksyon an se yon pwosedi ki trè kout kote avoka a pa pale anpil. Dabitid yo pa mande kliyan an di anyen. Odyans sa yo se prèske toujou yon jij-majistra federal ki prezide yo. Infwa ke akize a “enstwi”, se sitou yon jij distri ke yo te deziyen pa aza ki pral okipe de ka a , epi y ap fikse yon dat pou jijman an.
Apre enstriksyon an, e apre yo fin remèt yon jij distri ka a, yon Assistant Federal Pubilc Defender (Defansè Piblik Federal Adjwen) pral travay avèk kliyan an pou l analize prèv yo epi devlope estrateji l pou ka a.
Prèv pati pwokirè a, ke souvan yo rele “Discovery” (Livrezon Prèv) dabitid rive nan defans lan apeprè 14 jou apre Enstriksyon an. Pandan tout dire ka a yo ka kontinye pwodui prèv oswa fè lòt livrezon.
Pafwa, apre yon avoka fin analize prèv yo nan yon ka, li gen dwa prezante mosyon anvan jijman. Depandan de rezilta mosyon anvan jijman yo, kliyan an ka deside deklare l koupab oswa mande jijman.
Leplisouvan mosyon anvan jijman an se yon mosyon pou siprime prèv. Si otorite polis yo te pran pwopriyete kòm prèv, te pran deklarasyon, oswa te mande temwen idantifye akize a, epi avoka a kwè onètman gen rezon valab dapre lalwa pou yo siprime prèv, avoka a ap prezante yon mosyon pou yo siprime. Objektif mosyon an se anpeche davans pwokirè a prezante prèv obteni nan movèz kondisyon lè jijman an. Odyans sipresyon an dewoule an piblik nan tribinal al e jeneralman gen prezantasyon temwen nan tribinal la. Avoka defans lan gen dwa entewoje temwen gouvènman yo epi prezante temwen defans lan nan odyans lan.
Si jij la detèmine ke ajan polis yo te vyole lalwa, li posib ke solisyon an se siprime prèv yo nan jijman. Si jij la detèmine pa gen vyolasyon, alò y ap ka admèt prèv yo nan jijman.
Genyen plizyè lòt mosyon anvan jijman ke avoka ka prezante nan yon ka done. Se avoka ak kliyan an ki dwe diskite sa antre yo.
Pandan peryòd ant Enstriksyon an e dat jijman an, avoka a ap ede akize a deside si pou l deklare l koupab oswa ale nan jijman.
Si pwokirè a ak defans lan pa rive jwenn yon antant pou akize a deklare l koupab, ka a prale nan jijman. Dabitid sa fèt de (2) mwa apre Enstriksyon, men jij tribinal distri a gen dwa ranvwaye l si gouvènman an oswa defans lan mande sa. Souvan yo ranvwaye dat jijman pou pèmèt pati yo etidye prèv yo, prezante mosyon, epi antame diskisyon pou yo rive jwenn yon antant pou akize a deklare l koupab.
Si yon moun chwazi deklare l koupab, li gen dwa fè sa avèk ou san antant avèk pwokirè a. Si yon moun chwazi plede koupab avèk antant, y ap prepare yon dokiman fòmèl yo rele Plea Agreement (Antant sou Pledwaye), ki reprezante antant ke gouvènman an ak defans lan jwenn sou kilès nan akizasyon yo kliyan an ap plede koupab, ki akizasyon y ap annile, plis anpil lòt detay sou directiv federal sou santans.
Yon Plea Agreement pa janm definitif toutan jij la pòkò analize l epi deside li akseptab. Si jij la aksepte antant lan, sepandan, li pa bezwen suiv li alalèt. Yon plea agreement gen dwa estime santans la yon jan ke jij la pa dakò. Menmsi jij la enpoze yon santans ki diferan de sa ki ekri nan antant lan, dabitid kliyan an pa ka fè bak depi l fin plede koupab.
Kondanasyon federal ak kondanasyon nan tribinal eta yo se 2 bagay diferan. Aladiferans de sèten sistem tribinal eta yo, sistèm federal la fonksyone san sètitid kisa kondanasyon an ap ye. Andotretèm, yon moun ap gen pou l deside plede koupab san li pa konnen davans kisa santans li pral ye. Anjeneral, pifò antant fèt san kliyan an pa gen yon ide sou ki baz yo pral detèmine santans li. Pou l ka aksepte antant lan, jij la ap pase apeprè demièdtan ap poze moun nan kesyon pou l ka sèten moun nan konprann a ki dwa l ap renonse lè l plede koupab. Si yon moun dakò plede koupab p ap gen jijman.
Tribinal la pral enpoze yon dat pou santans lan, jeneralman 70 jou apre moun nan fin plede koupab. Pandan tan sa a, yon manm U.S. Probation Office (Biwo Pwobasyon Etazini) ap rankontre avèk moun nan pou l prepare yon Presentence Investigation Report (“PSI”) (Rapò Envestigasyon Pre-Santans). Presentence Invesigation Report la ap genyen ladan yon deskripsyon de krim nan, yon kalkil de sou ki baz y ap fikse santans lan, enfòmasyon sou istwa vi moun nan ki pale tou de fanmi l ak travay li. Si santans lan gen prizon ladan, Presentence Investigation Report la pral jwenn Bureau of Prisons, donk li enpòtan ke enfòmasyon nan Report la kòrèk e konplè. Avoka a ap voye yon kopi rapò a bay kliyan an e si gen kèk erè ladan, li ka prezante objeksyon devan Probation Office la (Biwo Pwobasyon). Nan odyans santans lan jij la ap deside si li dwe fè chanjman avoka a reklame yo nan Report la ou pa.
Apre moun nan fin deklare l koupab, pwochèn konparisyon l se jou santans lan. Se endiskitableman konparisyon ki pi enpòtan nan yon pwosè kriminèl. Avoka a ak kliyan te gentan travay pou yo prepare yo pou santans lan e yo kapab, depandan de preferans jij distri a, prezante yon memoranndòm kondanasyon pou yo dekri sikonstans atenyant ki ka jistifye yon santans ki pa sevè. Nan odyans lan tou gen dwa tou gen lèt ak deklarasyon fanmi ak zanmi ekri pou apiye akize a. infwa ke yon moun fin kondane, li gen yon dosye kriminèl, menmsi jij la pa voye l nan prizon.
Plizyè fonksyonè tribinal la ap prezan nan sal la. Anplis, gen dwa gen manm piblik la, sof nan kèk ka ra, sal tribinal ouvri pou pèmèt piblik la antre vin asiste pwosedi. Yon fanmi oswa zanmi ki vin asiste seyans tribinal la dwe konnen fòk li rive bonè ase pou l gentan anrejistre nan biwo resepsyon an, pou l mache avèk pyès didantite valid ki gen foto ki soti nan leta, epi pou l ma mache ak telefòn selilè. Li konvnab, espesyalman pou akize, ke yo abiye byen pou yo vin nan tribinal. Pou gason, pantalon ak chemiz ak kole konvnab. Si yon akize enkasere lè lè l rive pou l ale nan jijman, avoka l òganize l pou l fè l jwenn vètman konvnab pou jijman an.
Dabitid gen yon fonksyonè tribinal la k ap jere tout dosye jij la gen sou kont li. Pafwa tou gen etidyan dwa k ap fè estaj oswa grefye ki travay pou jij la ki prezan nan tribinal la pou pwosedi a. Gen dwa tou gen entèprèt tribinal e lòt moun ki vini pou lòt ka. Gen tou yon estenograf jidisyè k ap anrejistre tout pwosedi a.
Si yon ka rive nan jijman, premye sa k ap fèt se seleksyon jiri a. Nan tribinal federal, se prèske toujou jij la ki dirije seleksyon jiri a. Avoka sou chak pati ka soumèt kesyon davans pou manm jiri yo men se jij la dabitid ki fè enteraksyon ak manm jiri yo, se pa avoka yo. Nan yon ka kriminèl, yo chwazi 12 manm jiri pou syeje nan ka a, e souvan 2-6 altènatif, depandan de longè ka a.
Gendelè jijman kriminèl federal yo fèt devan jij la. Yo rele sa jijman san jiri. Pati defans lan ak pati pwosekitè a dwe mete yo dakò pou yo renonse a jijman avèk jiri, epi jij la dwe bay konsantman l.
Nan yon jijman avèk jiri, infwa ke seleksyon jiri fin fèt, jij la pral fè yo prete sèman epi l ap eksplike yo sèten prensip legal de baz. Akize a ap patisipe nan tout aspè jijman an. Si yon akize fèmen lè lè a rive pou l ale nan jijman, avoka l ap òganize l pou fè l jwenn vètman konvnab pou jijman an.
Lè yon jijman ap kòmanse, pwokirè a fè yon deklarasyon preliminè pou l esplike jiri a kòman li pral pwouve akizasyon yo kont akize a. Avoka defans lan gen dwa fè yon deklarasyon prelimine pou l esplike poukisa prèv yo pral avanse yo pa pwouve kilpabilite.
Apre deklarasyon preliminè yo, ka a pousuiv avèk prezantasyon prèv pati pwokirè a. Tipikman, pou prèv yo se temwen yo rele. Yo ka sèvi ak temwen tou pou entwodui dokiman, prèv materyèl , anrejistreman video oswa odyo, oubyen nenpòt lot prèv tribinal la jije admisib. Si avoka defans lan soulve objeksyon, jij la dwe deside si Regleman sou Prèv yo oswa lòt konsiderasyon legal entèdi entwodiksyon prèv la. Avoka defans lan gen dwa tou soulve objeksyon a sètèn kesyon. Jij la gen pou l deside si pou l soutni oswa rejte objeksyon an. “Sustained” (Dakò) vle di ke objeksyon an valid. “Overruled” (Pa Dakò) vle di ke jij la rejte objeksyon an. Pafwa avoka yo konn mande, pafwa yo mande avoka yo yon “side bar” conference (ti konferans prive ant avoka e jij) pou yo debat kèk kesyon lalwa lwen zòrèy jiri a.
Yon akize nan yon pwosè kriminèl pa gen chaj pou l pwodui okenn prèv. Sepandan, avoka a ak kliyan an gen dwa deside prezante prev ak / oswa temwen. Kliyan an dwe toujou deside si pou l rann temwayaj oswa fèmen bouch li. Si l chwazi fèmen bouch li, y ap bay jiri a enstriksyon pou yo pa sèvi ak sa kont akize a.
Nan fen jijman an pwokirè a ak avoka defans lan pwononse agiman final, sètadi oswa dènye rezime bay jiri a. Pwokirè a prezante agiman final pa l an premye, ansuit avoka defans lan pwononse pa l, epi pwokire a konbat agiman avoka a.
Apre agiman final yo, jij la pral bay jiri a enstriksyon sou lwa ki aplikab nan ka a. Jiri a lè sa a ap kite sal tribinal la pou l al delibere. Vèdik la dwe inanim. Pafwa, manm jiri a pa rive mete yo dakò sou yon vèdik. Yo rele sa yon “Hung Jury” (Jiri Bloke). Nan ka sa a jij la ka deklare jijman an nil epi pwokirè a ka rejije ka a.
Si nan fen deliberasyon yo jiri a anonse yon vèdik “non koupab”, akize a akite epi y ap lage l imedyatman si li pa gen lòt akizasyon ann atant nan sistèm nan epi pa gen yon lòd detansyon pou yo kenbe l nan prizon (tèlke kenbe l pou imigrasyon, kenbe l pou vyolasyon pwobasyon nan tribinal leta, oswa kenbe l pou yon kòz li genyen nan tribinal eta a.)
Si yon rann yon vèdik kilpabilite jij tribinal distri a k ap preside jijman an ap fikse dat santans lan pou ka a. Dabitid se apeprè 70 jou apre jijman an.
Anjeneral si kliyan an te fèmen pandan jijman an l ap rete an detansyon pou l tann kondanasyon an. Si li te deyò sou kosyon epi yo kondane l, pafwa yo konn retounen l an detansyon imedyatman apre vèdik la.
Apre jijman an, yon avoka gen dwa prezante yon mosyon pou kase desizyon jiri a. Nan ka sa a jij la ka annile ka a oswa òdone yon lòt jijman.
Menmjan apre yon moun deklare l koupab apre antant, apre yon vèdik kilpabilite Probation Office ap prepare yon Pre-sentence Investigation Report. Y ap teni kont de menm konsiderasyon nou te mansyone talè a)
Si yo jwenn kliyan an koupab de plis pase yon akizasyon, Jij la dabitid gen lechwa pou li swa enpoze santans konkirant (similtane) oswa santans konsekitiv (youn apre lòt). Gen akizasyon pou lèkèl santans lan oblije konsekitiv e lè sa a jij la pa gen lechwa. Anpli de pèn prizon ke jij la enpoze, l ap kondane w tou pou w peye yon frè tribinal espesyal ke yo rele redevans espesyal, ke yo fikse aktyèlman a $100 pou chak akizasyon yo kondane w. Jij la ka ekzije restitisyon (pou w konpanse viktim krim nan) epi yon amann apa. Santans lan ka enkli kondisyon tèlke tretman dwòg, tretman mantal oswa sèvis kominotè, san m pa bezwen site twòp. Si yo pa kondane w a pèn prison, tribinal la ka enpoze pwobasyon avèk sètèn kondisyon (jan nou te di w talè a, restriksyon nan deplasman w, tretman dwòg, tretman mantal, etc.).
Anpli de pèn prizon, jij tribinal distri a ap òdone yon peryòd Supervised Release (Libète sou Sipèvizyon) ke w ap dwe kòmanse osito w fin pije pèn prizon an. Prensip Supervised Release la se menm ak prensip Probation ansesans ke akize a ap sou sipèvizyon yon ajan pwobasyon epi l ap gen pou l respekte sètèn kondisyon.
Si kliyan an deyò sou kosyon pandan santans lan avoka a kapab fè demann pou li ran tèt li volontèman nan enstitisyon Bureau Of Prisons endike l. Rann tèt ou volontèman pa fè pati de dwa ou genyen, men si jij la akòde l, moun nan ap gen chans pote tèt li ale jou yo endike l la, dabitid nan yon peryòd ki pa depase sis senmenn anviwon apre yo pwononse santans lan. Si se nan enstitisyon yo endike l la moun nan ap rann tèt li se sou kont li vwayaj li ye, se li k pou fè vwayaj la, ki t ap diferan si li te an detansyon nan men United States Marshal.
Yon apèl se yon demann ki fèt pou yon tribinal siperyè reetidye ka w la akòz de erè ki fèt nan jijman an oswa nan mosyon yo. Apre santans lan fin pwononse, akize a gen dwa ale ann apèl ak santans lan owsa yon kondanasyon, oswa toulède, amwenske li te renonse a dwa sa a nan antant pou plede koupab la. Menm apre yon moun fin fè antant pou l plede koupab, kapab gen sèten pwen ou ka pote ann apèl. Ou dwe notifye tribinal la de apèl la pandan peryòd 14 jou ki suiv jijman an.
Se yon panèl twa jij yo nonmen pou deside apèl la. Diran pwosesis apèl la akize a toujou gen dwa aske tribinal la deziyen yon avoka pou li, konsa y ap nonmen yon avoka espesyalize ann apel si kliyan an pa gen mwayen pou l angaje youn.
Si koudapèl la pa jwenn okenn erè nan desizyon tribinal ki te fè jijman an, yo konfimen santans lan oswa kilpabilite a, epi ou pèdi apèl la. Dwa ki pèmet ou reklame yon revizyon pi apwofondi de ka w la nan United States Supreme Court (Kou Siprèm Etazini) trè limite. Laplipa rekèt sa yo jwenn refi. United States Supreme Court reekzamine yon kantite ka ki trè minim.
Si koudapèl la detèmine ke tribinal enferyè a te fè yon erè sibstansyèl, yo revoke desizyon tribinal jijman an. Yo gen dwa annile sèten oswa tout akizasyon yo. Sa ka vle di ke akize a ap benefisye de yon nouvo jijman. Sa ka vle di tou yo modifye kondanasyon an detelsòt ke, pa ekzanp, akize a ka benefisye de yon santans diferan.
Dwa pou yon moun lage sou kosyon pandan w ap tan rezilta apèl la ekziste, men li trè restren. Se raman yo akòde demann sa yo.
Nan kèk sikonstans trè ra konn gen fonnman pou yon moun konteste yon kondanasyon menm apre santans final la oswa apèl. Ou gen dwa diskite de sikonstans sa yo avèk Assistant Public Defender yo ba w la.