Enfòmasyon pou Fanmi

Sipò fanmi ak sipò kominote a vrèman enpòtan diran tout pwosesis la.  Nou ankouraje fanmi ak zanmi mentni kontak avèk  moun ki chè pou yo.  N ap founi w enfòmasyon pi detaye nan paj sa a sou kòman pou w konnen nan ki sant detansyon moun ki chè pou ou an ye, kòman pou w kominike avèk li, kòman pou w voye lajan e kòman pou w soutni l lè yo pral pwononse santans li.

Si yon moun ki chè pou ou an detansyon, li enpòtan pou w sonje ke yo anrejistre tout kominikasyon avèk moun nan epi yo ka sèvi avèk yo kont moun nan nan tribinal.  Donk, li mye ke fanmi ak zanmi evite konvèse sou akizasyon kriminèl  ki ouvè toujou avèk moun ki chè pou ou a toutan ka a pòkò fin tranche.  Ou gen dwa pran kontak avèk avoka ki anchaj de ka a si w bezwen enfòmasyon pi detaye sou sa.

Enfòmasyon sa a itil sèlman nan ka moun ki an detansyon nan Federal Bureau of Prisons (Biwo Federal Prizon).  Si w pa jwenn moun ki chè pou ou a nan endèks detni yo, tanpri pran kontak avèk avoka ki anchaj de ka a pou w ka konnen nan ki sant detansyon moun nan ye.

Tanpri vizite sit entènèt Federal Bureau of Prisons (Biwo Federal Prizon) an epi tape non fanmi w lan. Ou gen dwa klike sou non sant lan pou w ka jwenn plis enfòmasyon sou chak sant an patikilye. Si w pa gen konpitè a dispozisyon w, rele biwo nou epi n ap fè rechèch la pou ou.

Lè yo arete yon moun, 3 ou 4 jou gen dwa pase anvan yo plase moun nan nan yon seksyon.  Infwa ke yo plase fanmi w lan nan yon seksyon, epi l gen lajan nan ekonoma a, l ap kapab rele w.

Pou w depoze lajan pou nenpòt moun ki nan men Bureau of Prisons, ou dwe ranpli yon payment quick collect fòm nan Western Union.  W ap gen pou w ekri non detni an ak register number li (nimewo anrejistreman) sou fòm nan.  Epitou w ap bezwen mete kòd vil la ak eta a pou Bureau of Prisons nan.  Kòd vil la se: FBOP.  Kòd eta a se: DC.  Klike la a pou w ka wè e pou w ka telechaje yon dokiman PDF k ap founi w enfòmasyon siplemantè ann anglè, espanyòl, kreyòl ak pòtigè.  Ou kapab jwenn register number prizonye a sou sit entènèt Bureau of Prisons an.

Infwa ke yo fin plase paran w lan nan yon seksyon nan prizon an, li dwe mande konseye l pou l voye kèk fòm demann vizit bay fanmi l.  infwa ke w resevwa fòm nan ou dwe ranpli l epi voye l tounen bay prizon an.  Si yo apwouve w, w ap resevwa enfòmasyon k ap eksplike w ki jou e de kèl è a kèl è gen vizit nan prizon ki enterese w la.  Si yo pa apwouve w pou yon rezon kèlkonk, tanpri pa jennen w pou kontakte biwo nou epi nou pral fè posib nou pou  n ede w rezoud pwoblèm nan dirèkteman avèk prizon an.  Si yon vizitè pa gen estati legal nan peyi a oubyen se yon moun ki gen dosye kondanasyon, se byen posib ke Bureau of Prisons an pa apwouve l.

Tanpri jete yon koudèy nan regleman Bureau of Prisons yo anvan w al vizite paran w. BOP gen prensip trè estrik sou fason vizitè dwe abiye. Ou dwe kapab pase anba aparèy detektè metal la san li pa deklanche, sinon yo p ap pèmèt ou antre. Li posib ke si w mete yon soutyen ki gen fil metalik ladan detektè metal la ap deklanche. Men yon rezime regleman sou abiyman BOP.

Wi, li trèz enpòtan pou manm fanmi an avèk moun pwòch jwe yon wòl anvan santans lan.  Pi bon bagay manm fanmi an ka fè se ekri lèt pou sipòte moun nan.  Lèt sa yo dwe adrese a jij tribinal distri ki pral pwononse santans  paran w lan, men yo dwe voye yo bay avoka paran w lan pou li ka ekzamine lèt yo anvan yo ekspedye yo bay jij la.

Tanpri pinga janm voye yon lèt ou ekri pou sipòte yon moun ki pral resevwa santans li dirèkteman bay jij la.  Pinga bliye ke lèt sipò se yon chans pou jij la vin gen menm pèsepsyon avèk ou de moun sa a ki chè pou ou a.  Tanpri eseye bay mezi detay ke w kapab epi founi Jij la mezi ekzanp ke w sonje ki ka fè jij la wè paran w lan pozitivman.  Tanpri, pran kontak avèk paralegal oswa avoka ki anchaj de ka paran w lan pou w poze yo nenpòt kesyon sou lèt sipò.

Wi, ou ka voye lèt bay yon paran w.  Ou dwe ekri non paran w lan ak tout register number li sou anvlòp la.  Ou gen dwa kòmande liv pou yo, men se konpayi k ap vann liv la ki dwe ekspedye yo dirèkteman (pa ekzanp, liv yo dwe vini dirèkteman de amazon.com) epi fòk se liv po mou.  Gade anba paj la pou w jwenn adrès postal pou kourye detni nan diferan sant detansyon Southern District of Florida (Distri Sid Florid).

Kibò sant detansyon yo sitiye?

Adrès postal pou w voye lèt bay paran pwòch ou