Misyon pa Nou
The United States Supreme Court (Kou Siprèm Etazini) estime ke menmjan konsititisyon an bannou dwa pou nou jwenn yon jijman ekitab, li bannou dwa tou a yon reprezantasyon legal efikas—kit nou gen mwayen, kit nou pa gen mwayen pou nou pran avoka. Se poutèt sa yo tabli biwo Federal Public Defender (Defansè Piblik Federal) nan tout kwen peyi a. Biwo pa nou an te fonde an 1971. Nou trè fyè dèske nou se youn nan biwo public defender ki pi ansyen nan peyi a.
Biwo prensipal nou an sitiye nan Miami, epi l gen sikisal nan Fort-Lauderdale (30 miles direksyon nò), West Palm Beach (75 miles direksyon nò), Fort-Pierce (125 miles direksyon nò), plis Key West (179 miles direksyon sid). Nou asire defans nan tout yon seri akizasyon kriminèl, pami lèkèl krim dwòg, fwod fiskal, zak ki komèt ak zam, vòl bank, rakèt, fwod bankè, krim kont anviwonman an, krim enfòmatik. Yo deziyen nou tou pou reprezante kliyan nan odyans ekstradisyon, odyans apre kondanasyon, epi nan pwosedi transfè kondane de yon peyi a yon lòt.

MESAJ Michael Caruso
Ranpli fonksyon Federal Public Defender nan Southern District of Florida se yon privilej li ye pou mwen depi le Eleventh Circuit Court of Appeals la (Koudapel Onzyen Sikui) te nonmenm an 2012. Biwo nou an pran angajman pou l founi kliyan nou yo yon reprezantasyon efikas, epi pou l ede yo oryante yo nan sistèm legal konplèks sa a avèk konpasyon. Nou espere ke sit entènèt sa a pote repons a tout kesyon ou genyen epi li founi w resous ou bezwen pou w avanse.
“Depi okòmansman, konstitisyon ak lwa eta yo ak nasyon nou an akòde yon pakèt enpòtans a garanti ki gen nan pwosedi yo, a garanti esansyèl ki an plas pou bay asirans ke jijman yo ap ekitab devan tribinal enpasyal kote tout akize egal devan lalwa. Li pa posib pou ideyal nòb sa a reyalize si yon malere yo akize de yon krim oblije fè fas a moun ki akize l yo san asistans yon avoka.” –Gideon v. Wainwright, 372 U.S. 335, 344 (1963)
Gen plis pase 2.3 milyon ameriken nan prizon Ozetazini; to sa a se li k pi wo nan lemonn. Nivo anprizonman sa a gen konsekans dirèk e konsiderab pou moun ki nan prizon yo, pou fanmi yo, epitou pou tout sosyete nou an. Wòl yon avoka defans se founi akize yo reprezantasyon legal nan tout faz pwosesis kriminèl la epi asire l ke tout akize benefisye de yon jijman ekitab.
The Federal Office of the Public Defender (Biwo Federal Defanse Piblik) reprezante moun ki pa gen mwayen pou yo angaje yon avoka lè yo akize yo de krim federal. Se jij Southern District of Florida ak jij United States Court of Appeals for the Eleventh Circuit ki deziyen nou nan ka yo. Avèk defans devwe e enèjik nou ba yo a, kliyan nou yo jwenn reprezantasyon yo bezwen an epi nou lite pou nou rann sistem jistis la pi ekitab.