Misyon pa Nou

The United States Supreme Court (Kou Siprèm Etazini) estime ke menmjan konsititisyon an bannou dwa pou nou jwenn yon jijman ekitab, li bannou dwa tou a yon reprezantasyon legal efikas—kit nou gen mwayen, kit nou pa gen mwayen pou nou pran avoka. Se poutèt sa yo tabli biwo Federal Public Defender (Defansè Piblik Federal) nan tout kwen peyi a. Biwo pa nou an te fonde an 1971. Nou trè fyè dèske nou se youn nan biwo public defender ki pi ansyen nan peyi a.

Biwo prensipal nou an sitiye nan Miami, epi l gen sikisal nan Fort-Lauderdale (30 miles direksyon nò), West Palm Beach (75 miles direksyon nò), Fort-Pierce (125 miles direksyon nò), plis Key West (179 miles direksyon sid). Nou asire defans nan tout yon seri akizasyon kriminèl, pami lèkèl krim dwòg, fwod fiskal, zak ki komèt ak zam, vòl bank, rakèt, fwod bankè, krim kont anviwonman an, krim enfòmatik. Yo deziyen nou tou pou reprezante kliyan nan odyans ekstradisyon, odyans apre kondanasyon, epi nan pwosedi transfè kondane de yon peyi a yon lòt.

Lis Avoka yo

Miami Office

Ft. Lauderdale Office

West Palm Beach Office

Ft. Pierce Office