Enfòmasyon pou Kliyan

Federal Public Defender (Defansè Piblik Federal) plase pou l ride w ak tout fanmi w oryante w nan sistèm jistis Distri Sid Florid la.  Kèlkeswa sikonstans ki mete w an kontak avèk systèm jistis la—ke se arestasyon, kondanasyon, oswa anprizonman—se bagay ki pote estrès, konfizyon ak tètchaje nan lavi w.  Nou pran angajman pou nou sèvi w pandan peryòd difisil sa a, avèk espwa w ap jwenn enfòmasyon nou pote pou ou yo itil.

Kòman pouu m jwenn ak avoka m

Si tribinal la deziyen yon federal public defender pou ka w la nan premye konparisyon w nan tribinal, ou gen dwa rele biwo nou pou w mande resepsyonis nou an kilès ki avoka w.

Miami: (305) 530-7000

Fort Lauderdale: (954) 356-7436

West Palm Beach: (561) 833-6288

Fort Pierce: (772) 489-2123

Si jij la deziyen yon avoka CJA pou ka w la nan premye konparisyon w, ou gen dwa rele biwo court clerk’s office (biwo grefye tribinal la) pou w mande yo esplike w kijan pou w antre an kontak avèk avoka w.